Ansyen depite Cholzer Chancy te sanble bay jij Al Duniel Dimanche manti depi nan premye odyans ke li ye genyen ak jij la.

22 janvye 2024
Ernso Desravines

Ta sanble li te fè jij la konnnen ke li pat gen okenn fanmi li nan CNE, poutan pandan ankèt jij la, li dekouvri ke ansyen prezidan chanm depite a te bay manti. Poutan li te genyen neve li kise Emmanuel Olivier, ki te okipe yon pòs responsab nan CNE ki te konn mete plizyè ekipman bwat disponib pou ansyen Depite Ennery an. Lòt kote, ta sanble se plizyè anplwaye CNE kite temwaye devan jij la pou konfime enfòmasyon sa yo. Ansyen prezidan cham depite a, Me. Cholzer Chancy te pase premye nwit jou kite 22 janvye 2024 la dèyè bawo nan penitansye nasyonal.

Radio-Télé Liongate

By Liongate Radio-TV

Qui sommes nous Liongate Studio se yon Studio de Prodiksyon entènasyonal ki gen anndan li yon media ( Radio-TV Liongate) ki la pou desèvi tout mond lan pli presizeman Kominote Ayisyen an ki nan Dyapora a ak sila ki Ayiti yo. Media sa a la pou pataje enfòmasyon ak jistis, enpasyalite epi objektivite. Nan yon bò nou gen pou misyon fè promosyon pou kilti ak mizik Ayisyen an. Nan yon lòt bò Studio sa la pou fè promosyon pou tout kalte biznis, Atis, ak moun ki gen konpetans nan yon domèn ke l konnen byen. Pandan n ap enfòme, n ap divèti epi òganize aktivite dòd sosyal ak kiltirel nan tout rakwen mond lan. Pou promosyon ak enfòmasyon kontakte nou nan nimewo sa yo: USA: +1 (813) 504-9074 +1 (813) 947-0589 +1 (813) 481-3209 Haīti: +509 3759-0599 +509 4053-8222 +509 37 38 6742

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *