Jou kite dimanch 21 janvye 2024 la nan komin kwadèboukè, bandi kidnape fanmi atis Clifford Dumé, daprè enfòmasyon jèn ayis la bay nan jounal Premye Okazyon maten lendi 22 janvye a.

Ernso Desravines
Kwadèboukè, lendi 22 janvye 2024.

Jèn atis Clifford Dumé trouve li nan gwo difikilte jou kite dimanch 21 janvye 2024 la.
Nan yon entèvansyon li te fè nan jounal « Premye Okazyon » sou Karayib FM lendi maten 22 janvye 2024 la, li te fè konnen fanmi li sibi atake bandi ame epi kidnape yon ti sè li.

Daprè atis la bandi ame yo atake yon machin ki t ap transpòte manm fanmi an pa twò lwen Lycée Jacques 1er.

Yo touye papa l Joanès Dumé, sou plas, blese kouzen li Jhonky Dumé (11 zan), ki nan yon kondisyon grav. Anplis de sa, bandi yo kidnape ti sè l Saralie Dumé, ki genyen 17 an.

Ansyen chanpyon nan konpetisyon distri Podium « edisyon 2019 » pou komin kwadèboukè mande kidnapè yo pou yo libere sè li a kise Saralie Dumé, ki genyen 17 lane

Liongate

By Liongate Radio-TV

Qui sommes nous Liongate Studio se yon Studio de Prodiksyon entènasyonal ki gen anndan li yon media ( Radio-TV Liongate) ki la pou desèvi tout mond lan pli presizeman Kominote Ayisyen an ki nan Dyapora a ak sila ki Ayiti yo. Media sa a la pou pataje enfòmasyon ak jistis, enpasyalite epi objektivite. Nan yon bò nou gen pou misyon fè promosyon pou kilti ak mizik Ayisyen an. Nan yon lòt bò Studio sa la pou fè promosyon pou tout kalte biznis, Atis, ak moun ki gen konpetans nan yon domèn ke l konnen byen. Pandan n ap enfòme, n ap divèti epi òganize aktivite dòd sosyal ak kiltirel nan tout rakwen mond lan. Pou promosyon ak enfòmasyon kontakte nou nan nimewo sa yo: USA: +1 (813) 504-9074 +1 (813) 947-0589 +1 (813) 481-3209 Haīti: +509 3759-0599 +509 4053-8222 +509 37 38 6742

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *