Aprè 7 ane detansyon li fin pase nan peyi Ozetazini, otorite jidisyè ayisyèn yo pouswiv li paske toujou daprè yo li te gen manda damne dèyè li pou travik dwog, asosiyasyon malfektè, relasyon ak asasina yon polisye an 2016, elatriye.

Ernso DESRAVINES

Avoka ansyen eli grandans yo pat mete dlo nan bouch yo lè yo fè konnen ak saa DCPJ komèt sou Mesye Philippe la se yon vyolasyon dwa moun.

Yo mande pou lajistis libere senatè eli gran dans lan Mesye Guy Philippe, paske sistèm jistis ayisyen an pat janm pouswiv li ni kondane l pou move ak.

Nan mikro laprès Maître Emmanuel Jeanty te demanti agiman Lapolis Jidisyè Ayisyen an ki di ke mesye Philippe te kondane pa jiridiksyon Okay la, epi li gen dokiman ki pwouve pa t janm gen yon manda damne, ni yon akizasyon lajistis te fè kont mesye a, alewè yon kondanasyon. Sa se yon vyolasyon dwa moun li ye.

Nap enfome ou ke Mesye Phillipe te pase premye nwit li nan detansyon nan lokal lapolis jidisyè a, epi Avoka yo te mande pou pèsonn pa diskite, ni kesyione pèsonn san prezans yo. Otorite yo dwe garanti dwa sitwayen yo.

Radio Liongate

By Liongate Radio-TV

Qui sommes nous Liongate Studio se yon Studio de Prodiksyon entènasyonal ki gen anndan li yon media ( Radio-TV Liongate) ki la pou desèvi tout mond lan pli presizeman Kominote Ayisyen an ki nan Dyapora a ak sila ki Ayiti yo. Media sa a la pou pataje enfòmasyon ak jistis, enpasyalite epi objektivite. Nan yon bò nou gen pou misyon fè promosyon pou kilti ak mizik Ayisyen an. Nan yon lòt bò Studio sa la pou fè promosyon pou tout kalte biznis, Atis, ak moun ki gen konpetans nan yon domèn ke l konnen byen. Pandan n ap enfòme, n ap divèti epi òganize aktivite dòd sosyal ak kiltirel nan tout rakwen mond lan. Pou promosyon ak enfòmasyon kontakte nou nan nimewo sa yo: USA: +1 (813) 504-9074 +1 (813) 947-0589 +1 (813) 481-3209 Haīti: +509 3759-0599 +509 4053-8222 +509 37 38 6742

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *